Gwosè tèks:

Resèt: Ragou Bèf

Imaj la montre yon resipyan ki gen ragou bèf ladann, avèk tou vyann moulen, zonyon, seleri, ak lòt legim. Resèt ki gou sa a anbale nan 6 legim diferan ak anpil savè tou! Li fasil epi lap pare nan inèdetan. Eseye fè li semèn sa a! Tape sou seksyon anba yo pou w li plis sou resèt sa a.

Prep time: 10 minutes. Cook time: 45 minutes. Makes 8 servings.
  • 1/2 lb vyann mèg bèf yo moulen.
  • 1 tas zonyon dekoupe.
  • 1 tas seleri, rense e dekoupe.
  • 1 tas piman dous vèt, rense l, wete grenn yo epi dekoupe l an kib.
  • 3 tas 1/2 tomat, rense e dekoupe.
  • 1/4 ti kiyè sèl.
  • 1/2 ti kiyè pwav nwa moulen.
  • 1/4 ti kiyè paprika.
  • 1 tas ti pwa konjle.
  • 2 ti kawòt, rense, kale epi dekoupe an de.
  • 1 tas diri ki pa kuit.
  • 1 & 1/2 tas dlo.

  • Kuit vyann bèf moulen an nan yon pwelon.
  • Nan evye a, panche pwelon an pou vide grès anplis la nan yon kèp. Kouvri l ak kouvèti a pou pa kite vyann nan tonbe. Lè grès la vin di, jete kèp la nan poubèl.
  • Ajoute rès engredyan yo nan pwelon an epi melanje yo byen melanje.
  • Kouvri pwelon an ak kouvèti a epi mete dife a nan nivo mwayen jiskaske li bouyi.
  • Bese dife a t epi kite l mijote pandan 35 minit. Sèvi l tou cho.

Gwosè Pòsyon1 Tas 1/2 ragou
Kalori201
Grès Total5 g
Grès Satire2 g
Kolestewòl16 mg
Sodyòm164 mg
Fib Total3 g
Pwoteyin9g
Idrat Kabòn31 g
Potasyòm449 mg